Jovenel Moise lanse yon defi sou nouvo kod penal la

334

Pòtoprens____(TRiboLAND) Jovenel Moise finalman prononse’l sou kontrovès ki genyen nan nouvo kon penal la ki te pibliye 24 jwen 2020 dènye a. Selon li menm, li bay defi a yon seri detraktè kap profite e fè konprann ke li otorize omoseksyàlite nan kod penal la.

Chèf Deta a mande pou yo ede’l jwenn ki kote nan paj 62 ak 80 li fè mansion de yon otorizasyon mariyaj gason ak gason oubyen fanm ak fanm; “mwen bay nenpòt ki moun defi”. Jovenel deklare, “li lè li tan pou iprokrizi sispann”.

Nouvo kod penal sa ki pral ranplase youn ki la depi djab te kaporal, ap gen pou antre an aplikasyon nan 24 mwa. Nap raple, kod penal tout nèf sa ke anpil sèktè dekriye, pa sispann soulve kontrovès ak paroli nan sosyete ayisyènn nan, espesyàlman pami sa yo ki relijye e ki pa danse kole ak aktivite sisinaj.

Comments are closed.