Pwezidan Chanm Depite Repiblik Dominikènn nan teste pozitif pou Kovid-19

0 301

Sen Domeng___(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li mete deyò, Pwezidan Chanm Depite Repiblik Dominikènn nan, Radhamés Camacho konfime ke li teste pozitif pou Kovid-19.

Pwezidan chanm bas la deklare “Mwen jwenn rezilta tès kowonaviris la ki konfime ke mwen pozitif, konsa mwen izole tèt mwen e map resevwa tretman lakay mwen. Mwen mande popilasyon an pou pran an gras tout mezi ak direktif ministè sante yo yon fason pou mete fwen nan pandemi sa. Rete lakay”, dapwè sa pwezidan te ekri sou kont tweetè li.

Nouvo ka sa rive nan moman minis Sante Piblik la, Rafael Sánchez Cárdenas rapòte ofisyèlman ke Repiblik Dominikènn moute a 86 mò, 1,745 enfekte ak 17 geri.

Leave A Reply