Yon Pastè Ayisyen deklare ke li pap kite Abaco malgre devastasyon ouwagan Dorian

216
0
Share:
TRiboLAND

Bahamas__(TRiboLAND) Presner Wesly, se non yon paste Ayisyen kap desèvi legliz de Dieu Mont Olive nan Abaco, ki deside pa vle kite kominote sa ki ravaje apwè Ouwagan Dorian an. Mesye Wesly ki lèse fanmiy li evakye nan New Providence, li deklare ke li pap fè yon pa kita yon pa nago yon kote ke li rele lakay li.

“Zònn Mash Harbour nan Bahamas konplètman detwi”, li deklare; e twati anlè lakay mwen disparèt, legliz la konplètman disparèt, e tout kominote Marsh Harbour, Mudd ak Pigeon Peas, yo tout ale. Pastè-a konfime ke li gen twa manb nan kongregasyon li tap dirije-a. “Se yon ti bebe ak 2 fanm”, li deklare.

Pastè Wesly kap travaj pou kòm ajans gouvènmantal, te oblije rele pou mande sekou pou fanmiy li nan mitan ouwagan an nan Central Pines bandan twati kay la te disparèt. Madanm lidè spirityèl la pat arive konvenk mari li kit e detèmine pou li pa abandone Abako ki konplètman disparèt.

Share:

Leave a reply