Yon vaksen kont kowonaviris la kapab pare apati mwa Sèptanm, dapwè syantis Anglè yo

257
0
Share:
TRiboLAND

Lond____(TRiboLAND) Kantite global moun ki deja mouri  avèk kovid-19 la deja franchi yon etap istorik ki depase plis pase 100, 000 mò. Pandan ke tout monn nan ap tann tankou tè sèk ki bezwen lapli pwemye rezilta tanjib bò kote divès ekip ki epapiye nan diferan peyi kap fè kous pou arive rann yon vaksen disponib.

Konsa, syantis Britanik yo bay yon nouvo espwa pandan weekend sou yon pwodwi fini kap soti avan lontan, e petèt pi bonè menm ke anpil ekspè optimis te pwevwa. Sarah Gilbert, yon pwofesè vaksinoloji nan Oxford Universite, deklare bay The Times London ke ekip syantis lap dirije a, ki plis pase yon douzènn atravè lemonn ap eseye fè bwas pou devlope yon vaksen e ki kapab pare apati mwa Septanm nan. Konsa, li 80% konfidan ke sa ap yon veritab siksè.

Gouvènman Anglè a, bò kote pa li lap ap swiv sa trè prè, e li deja montre trè klè ke lap subvansyone plizyè milyon dòz a lavans si tout fwa tretman an ta sanble travay byen. Konsa, vaksen an ap disponib pou plizyè milyon moun otomatikman li pare. E sa reyèlman enpòtan tou, paske manifaktire dòz vaksen an kantite enòm kapab pran plizyè mwa, se pou tèt sa li mande anpil travay.

Share:

Leave a reply