Leta Dominiken bay fèmye yo regleman ki trè strik avan pou yo jwenn asistans ak maladi poul la

0 83

Sen Domeng___(TRiboLAND) Divès gwo biznis poulaye nan repiblik Dominikènn genyen kontwòl sou maladi poul ki rele Newcastle ki deklentche sou volay yo e yo dwe entansifye estanda sekirite biwochimik yo nan poulaye yo, dapwè direktè Sante zannimo (Digega) yo, Lissette Gomez.

Gomez kontinye pou li di: “Gwo antrepwiz poulaye yo dwe pran anpil pwekosyon sitou si yo ta sispèk kèk bèt ki ta manifeste sentòm maladi a, yo dwe imedyatman mete yo an karatènn e touye ou detwi tout lòt ki enfekte e ekspoze yo; konsa, dezenfekte tout lokasyon an e aplike yon sistèm sanitasyon pandan 21 jou san volay yo avan pou yo retounen yo nan poulaye a.

Poulaye an Repiblik Dominikènn

Depi kèk tan, antrepwiz poulaye yo pa sispann bay volay yo vaksen; poul kontinye ap mouri a yon chif ki trè egzajere. Kidonk, ministè Agwikilti Osmar Bénitez deklare ke li tou pwèt pou bay 60 ti biznis poulaye repeple volay nan kad asistans pou bèt ki vaksine yo; men sof si fèmye yo asèpte koube anba regilasyon yo ki egzije yon dezyèm ak yon twazyèm vaksen.

Konsa, li ekstrèmeman enpòtan, pi gwo sèvis leta Ayisyen dwe rann tèt li, se pwoteje e mete yon seri gwo paramèt kontwòl ak sansibilizasyon ki kapab evite yon seri sitwayen naiv ou kriminèl transpòte poul efekte sa yo anndan peyi Dayiti; tankou sa te arive fèt ak salami efekte ki te anvayi tèritwa ayisyen an. “Nen pran kou, je kriye davans.”

Leave A Reply