Kò Robert Mugabe enstale nan estad Rufaro alòske fanmiy li rejte plan fineray gouvènman an

175
0
Share:
TRiboLAND

Harare_(TRiboLAND) Fanmiy Robert Mugabe deklare ke yo sezi tande gouvènman Federal la pa konsilte yo nan sa ki gen pou wè ak aranjman fineray ansyen pwezidan Zimbabwe-a.

Robert Mugabe ki mouri a 95 lane semen pase pandan li tap pwan tretman medikal nan yon lopital nan peyi Sengapou, koulya li gen kò li ki ekspoze nan estadyòm Rufaro ki localize nan kapital la, Harare; yon plas ki fè sonje lè Mesye Mugabe tap pwete sèman kòm pwemye lidè peyi-a nan lane 1980. Zimbabweyen yo soti an mas pou al bay yon dènye respè a ero nasyonal la.

Nyaj diskisyon pa sispan kouvwi plan seremoni fineray lidè Afwiken an. Fanmiy Mugabe ki pa arive antann li ak gouvènman Zimbabwe-a sou dènye demè final ansyen ero nasyonal la ki ta dwe jwen yon fineray nasyonal selon pwezidan aktyèl peyi-a, Emmerson Mnangagwa.

 Fanmiy defun an detèmine wè pa wè kò Bob gen pou li ekspoze nan vilaj natal li, nan Kutama Dimanch swa e seremoni antèman ap trè pwive. Se desizyon famiy lan fè atravè yon neve Mesye Mugabe ki rele Leo Mugabe.

Share:

Leave a reply