Sèvis Pwoteksyon Fwontyè peyi blan Meriken poze lapat sou 70 migran ayisyen.

802

Sèvis Pwoteksyon Fwontyè USA anonse jounen yè jedi 12 janvye a, yo poze lapat sou anviwon 70 migran ayisyen ki te sòti nan Nòdwès peyi Dayiti.

01-12-23

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Nan yon baton virewon ki tap sòti pòdpè pou rantre Miyami, sèvis Pwoteksyon Fwontyè USA anonse, jounen jedi 12 janvye 2023 a, yo poze lapat sou anviwon 70 migran ayisyen nan Virginia Key.

Bato virewon an, kite sòti nan vil Pòdpè ak anviwon 70 migran yo, genyen 21 granmoun ak 4 jèn ki voye kò yo nan dlo ki rive sou tè Tonton Sam nan; epi san oken fòm prose, otorite dlo sale yo, yo ta pral retounen rès efektif la nan peyi Dayiti, sin ta vle fè kwè Miami Herald.

Li enpòtan pou konnen, nan dènye moman yo, vil Pòdpè tounen yon vil kote genyen plis ayisyen ki pran kanntè pou rantre, swa nan diferan zile nan Bahamas ak nan peyi Etazini.

Comments are closed.