Gad kòt nan peyi blan meriken anonse yo kenbe 96 migran dominiken ak kèk konpatriyòt ayisyen nan Pòtoriko.

877

04 – 12 – 2024

Pòtoriko, San Juan__(TRiboLAND) Gad kòt peyi blan meriken yo renouvle angajman yo pou konbat vwayaj klandestin nan ti bout dlo sale pa yo a. Nan yon nòt yo mete deyò jounen jedi 11 avril 2024 la, yo anonse yo mete apreande 96 migran dominiken ak 7 konpatriyòt ayisyen nan espas dlo sale Pòtoriko.

Dapwè enfòmasyon jounal peyi vwazen pataje sou rezo sosyal yo (Diario Libre), ta fè kwè gwoup 103 migran sa yo tap tante kite peyi Repiblik Dominikèn pou te rann yo nan kapital Pòtoriko.

Nan moman n ap la, jounal la konfime ke Gad kòt meriken yo deja remèt seri migran sa yo bay otorite Dominikèn yo pou swit legal yo.

Comments are closed.