Sosyete sivil nan komin Gresye manifeste pou pote sipò yo bay entèvansyon prezidan Nayib Bukele kont gang kriminèl Viv Ansanm yo.

69
0
Share:
TRiboLAND

11 – 19 – 2026

Gresye, Ayiti ____(TRiboLAND) Sosyete sivil nan vil Gresye ki jwen sipò sosyete sivil nan vil Leyogan ak manm popilasyon an, manifeste mèkredi 18 novanm 2026 lan, nan lide pou denonse ensekirite ki lye ak gang kriminèl Viv Ansanm yo epi pwofite pote sipò ak solidarite yo bay entèvansyon prezidan Nayib Bukele atravè sòlda li yo nan kad batay y’ap mennen pou derasinen gang san sal yo nan peyi Dayiti.

Manifestasyon popilè sila ki te demare sou bèl avni vil Leyogan lan, kote patisipan yo te pakouri divès ri ak wout Nasyonal nimewo 2 a, ak pankat nan men yo ki afiche ansanm revandikasyon yo. Ajoute ak sa, pwotestatè yo te pwofite lanse gwo pawòl wonflan kont gouvènman Alix Didier Fils -Aimé a, tankou “aba Alix Bawon Gang”, “aba bandy kriminèl Viv Ansanm” yo, “Viv Pèp Salvadoryen”, “Viv Bukele ou Sovèlele”.

Antouka, mobilizasyon an ta pral pran fen nan yon seksyon kominal ki rele Santo a, anndan komin Gresye. Pwotestatè yo deklare yo bezwen retounen lakay yo, yo dwe pase fèt fen lane a lakay yo nan komin Gresye, pandan yo fè konnen komin Gresye ak Leyogan p’ap tèritwa pèdi.

Toutfwa, youn nan òganizatè mouvman an, doktè Jeanty Michelet te pwofite remèsye tout inite nan lapolis la, tankou Swat, Simo, Lame Dayiti, BSAP e latriye ki pa jam sispan’n batay pou anpeche gang kriminèl Viv Ansanm yo anvayi yo.

Share:

Leave a reply