Anpil endinyasyon : 9 politichyen gang sangwen fini avèk ti bwàt sekrè peyi a

Enel Richard
Plizyè medya pa sispann kalifye 9 manm KPT a kòm teworis finansyè ki mete peyi Dayiti ajenou avèk yon vas kòripsyon ke sosyete ayisyènn nan pa jan konnen avan. Ansanm medya sila yo ki pa mete dlo nan bouch yo pou denonse nan ki nivo sansal ki fè tèt yo pase kòm dirijan peyi a, devwale ak kouraj yon vas pisinn kòripsyon ou gagotaj 9 kriminèl KPT yo ki pran yon malen plezi ap krate santi nan yon seri zak finansyè santidi san etik lak moral kap trennen nan fatra, daprè dènye rapò RNDDH la, A25/No4-VF.
Antouka, daprè dènye revelasyon sila yo, kalite sangwen sa yo kap lave ti bwàt sekrè peyi Dayiti ke yo kontinye ap efondre atravè vyolans ak gaspiyaj, popilasyon ayisyèn ta dwe vit e prese pran yon seri dispozitif miskle nan objektif pou trase yon egzanp san parèy sou kolònn eskanmòtè sila yo ki pa fè onè peyi; okontrè se yon seri gang ou ansyen zouti ki detèmine pou dekrase ti kaka aran peyi a.
Me konbyen magogo lajan, chak tèt malandren koute peyi a chak mwà: pa ayisyen yo peye tèt yo
Frè entelijans : 4 milyon 500 mil goud
Frè dezyèm rezidans : 400 mil goud
Frè gaz : 60 mil dola chak mwà
Kat telefonik : 500 mil goud chak mwà
Kat dekredi : 2 milyon 500 mil goud chak mwà
Frè pou madanm yo ou mari yo : 500 mil goud chak mwà
Frè pou boure frijidè ak manje: 75 mil goud chak mwà
Frè lamanjay : 925 mil goud chak mwà
Frè pou ti dejene ak lunch pou manm KPT a: 3 milyon 500 mil goud chak mwa….
San konte yon latriye katafal rakèt ki vize pran lajan nan men moun pou yon seri pòs direktè, ajan egzekitif ou majistra e delege ki fèt anba tab. Manm KPT yo merite menm santans popilè yon gang sapat merite.
Wi sa reyèlman revòltan e amoral! Kriminalite a rive twò lwen! Yon ebilisyon popilè dwe, nan nenpòt mwayen rale trennen mikwòb sila yo deyò, ki pami yon lòt kantite antite ki bezwen ekstèmine popilasyon ayisyèn nan. Konsa, se youn nan pi bon okazyon pou bone popilasyon ta vire dèyè tèt li, pou bay ansyen gang ou ansyen vòlò politichyen sa yo, si nou ta vle repete aprè ansyen senatè Edo Zenny, yon leson nan manyen sa ki pa pou yo.
Ke peyi Dayiti fann an 2 mòso, fòk genyen repons ou egzanp ki trase pou nou di jamè e non jamè pou peyi a pa viv nivo krim finansyè sa yo, kote 9 vwayou san karaktè ak men long ap fè piyaj ou jwe ak lajan popilasyon an.






