Afwontman ou boukantaj kout zam fè kenken ant fòs lòd yo ak gang ame : plizyè sangwen san sal tonbe

71
0
Share:
TRiboLAND

11/19/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo konfwontasyon ak boukantaj kout zam fè kenken maten jedi 19 novanm 2026 la nan Matisan. Enfòmasyon ki disponib yo fè eta plizyè eksplozyon dwonn kamikaz ki tranble plizyè perimèt gang ame nan zòn Matisan.

Kèk sous kredib nan PNH ta dekri operasyon sila, kòm yon ofansiv ki soti bò kote PNH la ak Task Force pou lage bagay nan men gang yo nan Matisan 2 ak 4, nan objektif pou mete plat atè yon seri sanktyè gang ak pòs peyaj ke òganizasyon teworis Viv Ansanm te enstale nan lokalite a.

Konsa, chak jou ki jou, anpil ayisyen ap eseye ekspwime tikal espwa sou vizaj yo chak fwa yon grap bandi sangwen jwenn viza pou le Neyan.

Share:

Leave a reply