Me ki sa TRiboLAND konnen sou sitiyasyon vyolans ki deklentche nan Matisan an

720

06/06/2021

(TRiboLAND) Apwè yon semèn vyolans, se jodi dimanch 6 jwen2021 an Pwemye minis a.i., Doktè Claude Joseph ansanm avèk Direktè jeneral a.i. PNH la, Léon Charles parèt tèt yo nan Matisan ak Kafou pou fè buzz.

  • Genyen plis pase 5 moun ki mouri e yon pakèt dizèn ki blese ant gang Tibwa ak Gran Ravin.
  • Katchouboumbe ki eklate ant 2 gwoup gang sangwen yo, mete nan izolman 4 gran depatman tankou : Sidès, Sid, Gran Dans ak Nip.
  • Plizyè machin ki te soti nan pwovens te oblije gare pandan plizyè jou nan Kafou, alòske anpil tis a yo te pote gate voye jete.
  • Sikilasyon nan antre Sid kapital la te paralize ou kontwole anba lobedyans gang ame ki te egzije popilasyon travèse a pye ak men nan tèt yo.
  • Izo menase pou fè Chrisla, chèf gang notwà parèy li sispan fè trèt. Li konte itilize yon seri gwo zam manman penba ke li pap janm itilize avan.
  • Youn nan chèf gang Village de Dieu yo ki pote non Izo, prezante rezidans yo eskiz pou latriye dega ki anrejistre nan kad vyolans ou afwontman pandan yon semèn.
  • Izo egalman menase pou li sezi cha e itilize’l pou li kapab kraze divès enstitisyon bankè anndan peyi a.
  • 3 CSPN òganize nan mwens 72 èd tan akoz anplè ensekirite a nan nan zòn sid kapital la.
  • Pwemye minis fè yon visit lye nan Matisan ak Fontamara yon fason pou konpran kalvè popilasyon an ki oblije yo leve kouri pran refuj lòt kote.
  • Vizit Pwemye minis lant e mete anfaz tou sou verifikasyon kalm ak lòd ke enstitisyon polis la te dwe etabli nan zòn yo ak debleye sikilasyon an selon direktiv CSPN nan.
  • Yon pakèt rezidan nan Matisan te oblije kouri kite lakay yo yon fason pou yo sove tèt yo anba kout zam bandi sangwen kap batay pou tèritwà.
  • Tout epizòd nefas sa yo pase anba je yon Leta vwayou, desen anime ki pwefere negosye ak bandi kriminèl yo.
  • Anpil kritik estime vizit Pwemye minis lan nan diferan zòn yo remèt buzz e pa genyen oken siyn ki montre sans responsablite ak suspisyon yon egzistans menm yon plan estratejik pwimè. Se demagog ak enkonpetan kap fè jwèt desen anime!
  • Ki donk, se jodi dimanch 6 jwen 2021 an “Bèbè resi pale”!

Comments are closed.