Sezisman! PNH deklare ke li rekipere 2 blende alòske “deal” negosyasyon pou kò polisye yo ap vale teren

542

03/16/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) PNH montre sou paj ofisyèl li jodi madi 16 màs 2021 an rekiperasyon 2 machin blende ki te pran nan ratyè gang sangwen Village de Dieu yo nan vandredi 12 màs dènye.

Antouka, aprè yon pakèt kontwovès sou imilyasyon polisye nasyonal yo nan operasyon swisidè PNH la, moun sezi tande atravè yon seri enfòmasyon kap layite sou sit la, te genyen yon swadizan operasyon espesyàl ki te gentan rekipere blende yo nan Village de Dieu.

Pou kèk lòt moun, ta sanble yon peta pa tire pandan rekiperasyon machin yo. Yon siy ki montre ki yès nan wo nivo gouvènman defakto a ki genyen pouvwa sou gang yo e a ki pwen dirijan yo pa jennen fè rara ak teyàt nan montre detèminasyon yo pou kontinye efondre Ayiti nan sal tenbank dramatik ou transfòme tèt yo an veritab gouvènman gang legal.

E kèk sous fè eta de posiblite yon negosyasyon ki arive fèt ant chèf gang yo nan Village la, ak egzekitif defakto a e Wo kòmandman PHN la, yon fason pou dekroche yon “deal” sou rekiperasyon blende ki pa andomaje ak rès kò polisye ou kadav ki tounen sann yo.

Comments are closed.