Mouvman pwotestasyon sou Champ-de-Mars: 2 jounalis krible anba bàl

329

02/09/2021

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pandan yon mouvman pwotestasyon avèk diferan militant politik opozisyon lendi 8 fevriye 2021 an sou Champs-de-Mars nan Pòtopwens. Pami viktim yo, ou jwen Ivarez Destiné kap travay pou yon ajans deprès anlyn Aktyalite Lokal TV (AL-TV), te arive pran yon bàl nan bwa; alòske lòt viktim nan ki soti nan Tele Pam, ajan deprès anliyn ki pran yon bàl nan vant.

Viktim yo arive pran pran bàl yo nan moman afwontman ant fòs lòd ak yon latriye dizèn militan politik nan opozisyon ki tap sèmante pou Jovenel Moise rache manyòk li aprè ke manda li te pran fen dimanch 7 fevriye 2021 an swivan atik 134-2 nan Manman Lwa peyi a.

Viktim yo te oblije transpòte nan yon fasilite medical atravè yon kapital kap efondre. Byen ta nan lanwit 8 fevriye a, fanmiy ak zanmi jounalis Tele Pam nan t’ap mande konkou yon fason pou jwen san pou viktim nan.

Comments are closed.