Katchouboumbe ant 2 gwoup gang sangwen nan Matisan lakoz 4 moun mouri, plizyè lòt blese san kont plizyè lòt moun ki blese

493

06/03/2021

Pòtpwens______(TRiboLAND) Afwontman gang sansal ap rapouswiv atravè kapital la pandan plizyè jou, patikilyèman ant Gran Ravin ak Tibwà. Selon enfòmasyon, genyen apepwè 4 moun ki mouri ak plizyè latriye lòt blese.

Katchouboumbe yo deklenche depi kèk jou ant 2 gwoup gang ki pa sispan batay pou akapare plis tèritwà nan zòn Matisan an. Moun ki viktim yo se plis inosan. Gen nan yo ki jwen lanmò yo nan moman bandi Village de Dieu yo t ap bay tokay yo jarèt nan Gran Ravin.

Selon enfòmasyon yo, ta sanble genyen yon bon latriye kay ak motosiklèt ki ensandye e batay yo kontinye ap vale teren anba 2 gren je lapolis initil ki pa mande ki mò ki te touye laperè. Konsa, yon latriye abitan wè vi yo menase, e yo oblije kraze rak e pran refuj nan Fontamara 43.

Comments are closed.