Pòdpè: Yon lòt bandi tonbe nan Ofouno, nan boukantaj kout zam ak lapolis

885

11-09-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon lòt bandi ki pote non Rodler Joseph, alyas Rodsrag, mache pòs li jodi jedi 9 novanm 2023 a, nan lokalite Ofouno, ki pa twò lwen vil Pòdpè.

Rodsrag, ki te fè pati manm aktif gwoup gang Mònn Lopital, nan Site Kapwà Lamò a, ta pral jwen lanmò li nan boukantaj kout zam ak lapopo, dapwè sa otorite polisyè yo ta konfime TRiboLAND.

Nap raple, Rodsrag, se pitit non dam ki rele Betty, Mòn Lopital nan Pòdpè. Lanmò yon parèy pwezime bandi antre nan kad netwayaj lapolis ap efektye pou arive dezenfekte depatman Nòdwès la ak gang sangwen.

Comments are closed.