Yon delegasyon Gouvènmantal vizite Baraj Maryon granbasen ak Baraj Latanri nan Okap Ayisyen

445

07-23-2023

Okap, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon pwen près ke li bay pandan samdi swa 22 jiyè 2023 a, yon delegasyon gouvènmantal anonse objektif vizit yo nan Baraj Maryon ak Latànri. Konsa, yon parèy vizit, genyen pou wè ak evalyasyon sa ki ta alabaz lantè akmache brete yon seri santye..

Minis travo piblik e telekominikasyon (TPTC) an, enjenyè Rosemond Pradel, fè konnen pi gwo pwoblèm ayisyen se “planifikasyon’, yon konpòtman ki bay gwo pwoblèm pou jwenn solisyon nan nenpòt ki bagay. Pou Minis Pradel, chak moun ki rive nan tèt Leta a, se chèche yap chèche poze aksyon nan zòn pa yo, san li pa enskri nan pwogram gouvènman an.

Minis TPTC a kontinye pou l di, gouvènman PHTK a, pral reyaji nan yon ti tan ki pa two long.

Nap fè sonje, pou travay enfrastrikti woutyè sa yo te kòmanse reyalize te gen yon pwotokòl antant ki te jwenn avèk diferan ministè sou administrasyon Jovenel MOÏSE la, tankou Ministè TPTC, Defans, Ekonomi ak Finans e Direksyon Jeneral BMPAD.

Comments are closed.