Peyi Benen anonse ke li dispose 2000 gason batayè nan kad Misyon Soutyen Sekirite (MSS) peyi Dayiti a

925

02 – 26 – 2024

Georgetown, Giyana (TRiboLAND) Peyi Benin konte bay patisipasyon li pami fòs entènasyonal kap genyen nan tèt li peyi Kenya pou ede PNH la konbat gang kap taye banda sou moso tè Desalenn nan, se sa anbasadris amerikèn nan Nasyon Tèt Kole yo, Linda Thomas-Greenfield deklare nan moman li tap bay yon konferans pou lapwès.

Thomas-Greenfield ki tap dirije yon delegasyon amerikèn alokazyon somè Kominote Karayib yo (Karikòm), konfime nan Giyana ke peyi Benen ap ofwi 2000 sòlda batayè ki pral bay fòs entènasyonal la jarèt anndan peyi Dayiti.

Sepandan, reyini fon finansye pou koz peyi Dayiti se pa menm jan tankou pou peyi Ikrènn; se nan kole pyese anpil aktè entènasyonal yo ye pou jwenn angajman finansyè pou yon parèy Misyon Soutyen Sekirite (MSS) arive ateri nan peyi Dayiti.

Anpil kritik estime se dilatwa, moratwa ak zak vagabondaj kap fèt; yon fason pou pase Ayiti anba plis betiz, tankou yo te toujou ap fè li pandan plizyè deseni. Lòt moun estime, ke se chantaj kap fèt nan dispoze gwo magogo pou rezoud siyasyon peyi Dayiti a, ki te kapab tou senpleman rezoud lè Etazini deside sispann voye zam anndan peyi Dayiti. Si senp ke sa!

Enel Richard

Comments are closed.