Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, voye jete byen lyen yon seri malveyan ki ta akize li kòm moun ki ta nan kòripsyon.

11 – 10 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Aken an, mèt Guy Mondélus, nan yon interview ak laprès, li voye jete byen lwen nan poubèl, akizayon kèk malveyan ta lage sou do li kòm kwa li ta kòripsyon.
Komisè a ki deklare depi li pran fonksyon an, l’ap aktake yon seri dosye tè jouk nan zo yo, l’ap travay pou fè respekte lòd piblik ak lalwa, sa deranje anpil moun ki kon’n pwofite kèk sitiyasyon pou fè lajan ilegal, nan pran tè sitwayèn ak sitwayen yo epi ran’n tèt yo jistis.
Chèf pakè Aken an, mete yon jistisyab an defi pou l vini ak bon jan prèv ki fonde pou montre ki kote l’ap benyen nan kòripsyon. Mèt Guy Mondélus pwofite lanse apèl bay tout moun ki genyen malveyan ki vle vòlè tè yo, l’ap tan’n yo pou l akonpanye yo.
Nan sans Komisè Mondélus renouvle volonte li genyen pou l fè retabli lòd piblik epi mete anba kòd tout vòlè awousa, kelkeswa moun li ye a k’ap mache pran tè moun ak fo papye notè krizokal nan jiridiksyon lap dirije a.






