Plizyè sitwayèn ak sitwayen leve vwa yo byen wo pou mande otorite yo nan MTPTC lokal ak santral yo pou fè entèvansyon nan Dalo Tiginen an.

931

08-30-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan nan Tiginen ki nan 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, leve vwa yo byen wo maten mèkredi 30 dawou 2023 a, pou rele dèyè responsab MTPTC yo.

Nan lide pou mande travo piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC) pou fè entèvansyon yo nan Dalo nan Tiginen, kote popilasyon an ap moute yon ma swife depi apwè gwo lapli ki te tonbe nan okazyon fèt Notre Dame nan. Yon sitiyasyon, selon sitwayèn ak sitwayen yo ki lage yo nan tèt chaje pou yo travèse lizyè; menm moun apye pa kapab frekante Dalo ale wè pou machin ak moto.

Konsa a, pwotestatè yo bay otorite yo nan travo piblik lokal ak santral rès semèn sa, pou yo mete bon sans sou yo, yon fason pou yo aji. Konsa, yo menase pou pwosede ak blokaj sistematik wout nasyonal # 2 a, si tout fwa anyen pa arive fèt.anwo.

Nap siyale, wout Tiginen an genyen yon enpòtans kapital, non sèlman pou kominote a, men tou pou pasajè yo kap frekante wout Gransid la; paske chak fwa wout nasyonal la bloke ni kamyon, ni trelè siman, fè, se sou Dalo a yo tout pase. Kidonk, se yon pasaj oblije ki pa janm bloke menmlè genyen troub politik nan vil Tigwav.


Comments are closed.