Tigwav : Moun yo pa rive idantifye mete dife nan yon ban’n ti biznis detayan nan zòn Plas Abèy

210
0
Share:
TRiboLAND

10 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Moun yo pa rive idantifye mete dife nan plizyè ti biznis detayan nan zòn Plas Abèy, Tigwav nan lannwit jedi swa 22 pou louvri vandredi 23 oktòb 2026 lan.

Ti machan’ n yo ki te ak dlo nan je e 2 men nan tèt, pat konnen ki sen pou yo rele fas ak yon parèy dezolasyon. Yo konfime ke yo fè anpil defisi pa rapò kantite machandiz bwason gazyez ki boule tankou : byè, towo, chek bongou, koka , malta, jimès san konte chèz, frijidè, frizè, televizyon, radyo, enèji solè elatriye…

Selon kèk Timachan’n ke TRiboLAND.com t’ap kesyon nan sikonstans trajik sila, yo solisite prezans jij depè konsta legal yo, e yo mande pou lajistis akonpaye yo nan kad dosye sila, nan lide pou yo mennen bonjan ankèt, yon fason pou yo rive detèrmine vrè moun ki ta komèt zak malfektè a.

Nan sans sa a, Timachan’n yo mande leta ayisyen atravè lameri Tigwav pou ede yo remete kanpe ti biznis detayan yo ki te inik sous ravitayman yo; alòske se lajan prete ki nan men yo. Genyen lòt machan’n ki ta sètifye ke se lajan mityèl ak ponya ke yo ap bwase pou fè bè nan reponn ak yon latriye sousi ak egzijans familyàl.

Share:

Leave a reply