Bandi sangwen krible anba bàl yon pitit vil Pòdpè nan Delma 69 apwè yon tranzaksyon bankè

924

08/07/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Me Robinson Louis, ansenyan e avoka opwès Bawo Pòtopwens, yon pitit Pòdpè asasine e mouri sou plas anba bàl bandi sangwen jodi samdi 07 jwiyè 2021 an nan Delma 69.

Selon sa ke yon pwòch defen an, ki se Mèt Herard Louis rapòte TRiboLAND ki genyen egalman yon etwàt relasyon ak Me Robinson Louis; viktim nan te apèn sot fè yon tranzaksyon nan yon Sogebank ki tou pwe lakay li, lòske bandi sangwen moto, ki pa idantifyàb ouvè zàm sou nòmalyen an san oken fòm pwosè. Ankò yon lòt kàd, ki tonbe anba men sangwen ki pa sispann anlve vi sitwàyen ayisyen pou granmesi.

Me Robinson trè koni nan kominote edikasyonèl la nan peyi Dayiti. Li genyen yon pakou ki ase long atravè plizyè enstitisyon eskolè; dènye an dàt se Lise Jean Jacques Desssalines kote ke li tap dispanse kou. Li se egalman yon kàd nan ONA e egalman Avoka pou la Dwann Pòtopwens. Li fè pati Bawo Avoka Pòtopwen la.

Bandi sangwen yo te rete tann Me Robinson Louis nan perimèt lakay li dapwè yon sou pwòch. Aparamman yo te sanble konnen konbyen kòb tiraj bankè a te ye. Espere otorite yo va fè swivi pou konnen aki pwen kesye a enplike nan yon parèy krim. TRiboLAND dekonseye tout trazasyon bankè fizikman; tranzaksyon ki kontinye ap anrichi pòch boujwà siwo-libanè ki pa ditou konfidansyèl e menm pwoteje lavi kliyantèl yo.

Me Louis soti nan yon famiy ki ekstrèmman valorize edikasyon, li te kite vil natal li Pòdpè pou antre Pòtopwens nan ane 1993. Li mouri kite dèyè madanm ak pitit. TRiboLAND ekspwime tout senpati li a sa yo ke yon parèy asasinay afekte, patikilyèman : madanm ak pitit, e frè ak sè li: Konstitsyonalis Hérard Louis (avèk Café Civique, TriboLAND), Me Enric Louis, Pastè Irené Louis ak Doktè Karla Louis. Se yon gwo kou pou peyi a, patikilyèman katye Lòt Bò Pon nan vil Pòdpè kote ke Me Robinson Louis te grandi.

Comments are closed.