Katar 2022 : Kamewoun jifle Brezil 1-0 nan yon match gason pa kanpe.

1,295

12-02-2022

Doha, Katar______(TRiboLAND) Ekip Kamewoun ki pa fasil pou donte a arive è yon gro eksplwa, lè li arive mete do seleksyon brizilyèn nan atè nan yon gro match tèt chaje. Ekip Kamewoun nan, gras ak yon reyalizasyon mèyè butè CAN 2021 an, Vincent Aboubakar yon kout tèt enkwayab ke li arive fè apati yon sant Jérôme Ngom nan fen 93è minit jwèt boul mondyal la.

Sepandan, malgre Lyon yo arive mete do Seleçao atè, sa pa fasilite yo pa asiste tiraj pou yo ta kontinyekonpetisyon Mondyàl 2022 nan peyi Katar. Antouka, Rigobert Song ak tout lyon yo soti tèt yo byen wo nan konpetisyon woule boul la avèk 4 pwen malgre yo pa asiste tiraj.

Se yon veritab reviman istorik pou Kamewoun, premye peyi afriken ki arive mete do Brezil atè nan faz final Koup Mondyàl la. Nap raple, peyi Arabi Sayodi te mete do lòt konfrè ajanen yo atè egalman.

Comments are closed.