Naomi Osaka Klase Numero 1 nan Lemonn nan Kompetisyon Tenis Ouvèti Ostrali a

0 529

Triboland.com 01-26-2019

Desandan Japonèz-Ayisyènn, Naomi Osaka pwan yon dezyèm fwa tit gwo frapman Kompetisyon Ouvèti Ostrali a lè li arive bat tèt nèg Petra Kvitova 7-6 (2), 5-7, 6-4 an final.

Osaka ki genyen sèlman 21 ane, devni premye jwè tenis Japonèz ki arrive antèt pozisyon yo.

Osaka te arrive kenbe twa pwen a 5-3 nan dezyèm segman an, pat kapab fèmen li. Li te pèmèt Kvitova fè sifas e genyen 23 nan 27 pwen segman an e moute 1-0 nan twazyèm.

Men, Osaka tou swit apwè vinn resezi li e pwan kontwòl jwèt la ak yon fwap ralonje ki fèl genyen 2-1 nèt ale. Ankò se yon lòt twofi ki ajoute ak twofi Osaka te genyen an lè li te arive bat Serena Williams Sèptanm ane pase nan chaotic US Open final.

Naomi Osaka ki te an visit an Ayiti Novanm pase, se premye fanm ki arrive genyen 2 chanpyona swivi swivi apwè Williams te finn fè li pandan 4 fwa nan ane 2014 -15.

Triboland Staff writer

Leave A Reply