Lapolis nan Okay arete 2 moun nan kad yon operasyon kont yon evantyèl aktivite dwòg

179
0
Share:
TRiboLAND

10 – 24 – 2026

Okay, Ayiti _____ (TRiboLAND) Lapolis nan Gran komisarya Okay la mete anba kòd nan lannwit vandredi 23 pou louvri samdi 24 oktòb 2026 lan, Jeanpoix Olga ki genyen 14 lane sou tèt li ak Gerlin Délèmé ki limenm genyen 35 kan, nan kad yon operasyon lapolis mennen nan zòn Ravin Disid.

De mesye dam sa yo jwen arestasyon yo, akoz lapolis ta jwen an pwosesyon yo, yon pwodwi blanch ki sanble tèt koupe ak dròg ou byen Krak.

Pou kounye a, Jeanpoix Olga ak Guerlin Délemé ap reflechi nan gadavi Gran Komisarya nan vil Okay annatandan lapolis defere yo pou al repon’n kesyon lajistis pou zak yo repwoche yo. Antouka, si nou ta vle kwè sa ki soti bò kote responsab yo, lapolis detèmine pou kontinye trake tout moun kap fè vitès nan pètibe lòd e mete andanje lavi jenès peyi a.

Share:

Leave a reply