Gonaiv/Sekirite: Lapolis mete men nan gagann 4 prezime manm gang Kanaan

1,034

01-22-2023

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisarya vil Gonaiv la, prosede yè samdi 21 janvye a ak arestasyon 4 prezime manm gang nan vil Gonaiv pou enplikasyon yo nan gro tonton aktivite kriminèl.

Fòs lòd yo fouke nan yon premye tan, Bibincer César alyas “Fantòm” ke lapopo tap chèche tankou chyen fou. Yo egalman mete men sou Judelet Elie, Farah Bernard ak Jean Jacques Exama ki te fè pati group gang kap feraye nan Kanaan e ki te nan danse kole ak lòt group gang nan kapital la.

Ajoute ak sa, prezime manm gang sila yo te regroupe an malfektè ki te toujou enplike kòt maltaye nan achemine gaz pou bandi Site Solèy ak Kanaan konn detounen, daprè Sèvis Depatmantal Ransèyman Latibonit ki deja atrap dosyè prezime malfektè yo.

Comments are closed.