Ayiti ensekirite: Fòs sekirite PNH yo mare kon krab yon gro kòkòday “Barbecue”

460
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Nan yon gro operasyon tranble janm fòs serite PNH yo mennen nan zòn Kay-Jakmèl nan Sidès peyi Dayiti nan lanwit 22 pou blayi 23 novanm 2024 la, Appoléon Lamour, kòkòday senyò chèf gang Jimmy Cherizier alyas “Barbecue” jwen arestasyon li.

Reselè chèf gang asosyasyon kriminèl “Viv Ansanm” nan, te pran anba tatik ak estrateji ke fòs PNH yo te itilize nan tèt kole avèk Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè e Inite Depatmantal mete Lòd yo, ki detèmine etèn souf tout rezo gang kap simen laterè atravè peyi a.

Arestasyon Lamour an, se yon gro etap nan rapouswiv chèf gang sangwen an, “Barbecue”. Yo reproche reselè kriminèl la pou patisipasyon li nan yon latriye zak vyolans, kidnapping ak detounman yon katafal kamyon atravè kapital la. Lamour ki te anba gro entewogasyon, te konfime patisipasyon li nan yon seri detounman kamyon ki pou te ranfòse resous operasyonèl group gang kriminèl Jimmy Cherizier a.

Lamour ta sanble bay tout sa ki sou lestomak li; li pale tankou pèpèt mayi nan chodyè. Li deklare, tout enplikasyon li nan zak kriminèl yo te fèt anba lòd alatèt asosyasyon teworis la, Barbecue.

Share:

Leave a reply