Pou yon 2èm fwa kabinè enstriksyon nan jiridiksyon Miragwan pa rive tande jounalis medya anliy Maurice Vernet.

P
10 – 22 – 2026
Miragwan, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kabinè enstriksyon nan jiridiksyon Miragwan pa rive tande jounalis medya anliy Maurice Vernet di “Malabar” pou yon 2èm fwa yè mèkredi 21 oktòb 2026 lan, akoz lapolis pat al pran il nan prizon sivil jiridiksyon Ansavo a, daprè enfòmasyon ki disponib.
Jounalis Maurice Vernet di “Malabar” ki te dwe repon’n kesyon nan kabinè enstriksyon jiridiksyon Miragwan, men sepandan lapolis p’at rive ale pran li dèyè bawo. Yon sitiyasyon ki soulve kòlè fanmiy ak zanmiy akize a, akoz yo di lapolis vyole dwa jounalis anliy lan, nan fè lago tisangle. Yo fè konnen se leta ayisyen atravè lapolis ki te arete li e mete li nan prizon; se yon dwa pou se yo ki ale chache li pou mennen’l jije.
Nap raple, jounalis medya anliy Maurice Vernet di “Malabar” te jwen arestasyon li nan dat 28 jiyè 2026 lan, nan kad yon dosye fo lèt nominasyon, kote li ta pral enstale kòm responsab kominikasyon dwan nan vil Miragwan, depatman Nip peyi a. Pou koul ya, Maurice genyen anviwon 3 mwa ap koupi nan prizon sivil jiridiksyon Ansavo, nan deaptman Nip peyi Dayiti.






