Ensekirite : pou pi piti 2 jounalis fè vwèl pou peyi san chapo nan Laboul 12

3,629

Par John Jean Jacques

01/06/2022

Laboul, Petyonvil______(TRiboLAND) Sitiyasyon sekirite nan peyi Dayiti kontinye ap anpire. Konsa, li rive nan yon pwen pou nou ta di ke nou pa moun ankò! Sangwen sansal yo vinn pi aswàfe pou bwè san. Konsa, pou pi piti 2 jounalis pèdi lavi yo nan Laboul 12, nan Petyonvil jodi jedi 6 janvye 2022 a.

Nan kad yon reyalizasyon repòtaj nan Laboul 12, Wilgens Louissaint ak John Wesley Amady, 2 jounalis anliy tonbe anba bal bandi jodia nan Laboul 12.

Selon kèk sou ki rapwoche ak viktim yo, 2 jounalis sa yo te trouve yo nan Laboul 12 pou yon repòtaj ak chèf gang Ti Makak. Konsa, malchans ta pral koz gwo deblozay fèt ak yon lòt group ki anfas group Ti Makak la; zam te kòmanse chante menm moman an. Yon sitiyasyon panik ak gwo kout zam ki ta pral voye Wilguens ak Amady tou dwat nan peyi san chapo.

Enfòmasyon yo fè kwè se te 3 jounalis ki tal reyalize repòtaj la, men ta sanble se bon pye 3e nan ki sove l.

Comments are closed.