Radyo Kiskeya: Jounalis dekaryè, Charles Émile Joassaint mouri maten mèkredi 16 dawout 2023 a.

826

08-16-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Jounalis de karyè, Charles Émile Joassaint, apwè yon pwoblèm respiratwa, rann dènye soupi li lakay li nan vil Jeremi, jodi mèkredi 16 dawout 2023 a.

Defen an, ki fèt 5 septanm 1959, mouri nan laj 64 lane, nan karyè fonksyon jounalis li. Joassaint te korespondan Radyo Kiskeya, se te reprezantan Radyo Kasik, Ayiti Entè, Radyo Plis, e Radyo Solèy. Sou plan lokal, jounalis lan te konn prezante emisyon “Zantray”, sou antèn Radyo Lanbi nan depatman Grandans peyi a.


Charles Émile Joassaint, ki genyen anviwon yon 40 lane depi ke li tap ekzèse metye laprès lan, li te alafwa yon pwofesè dekaryè.

Charles Émile Joassaint, te pwatike vodou ou rele lèsen, li te envesti nan vann pwodwi ke pitit ginen yo toujou bezwen pou itilize nan zafè mistik. Kidonk, li mouri kèk jou apwè lanmò selèb jounalis, Liliane Pierre Paul.

Comments are closed.