Ginode : UJRG selebre 30 lane angajman nan sèvis devlopman kominotè

08/05/2026
Ginode, Ayiti ____(TRiboLAND) 5 Dawout 1996 – 5 Dawout 2026, se yon dat ki make yon etap enpòtan nan listwa Inyon Jèn pou Relèvman Ginode (UJRG), dezyèm seksyon kominal Jan Rabèl k ap selebre 30 lane egzistans li. Pandan twa deseni sa yo, òganizasyon an kontinye demontre angajman li pou devlopman kominote a atravè divès aksyon sosyal ak kominotè.
Anba lidèchip Osias Bamy, UJRG rive mete sou pye plizyè inisyativ ki vize amelyore lavi popilasyon an. Pami domèn kote òganizasyon an plis envesti, genyen edikasyon ak agrikilti, de sektè ki jwe yon wòl enpòtan nan devlopman dirab ak byennèt kominote a.
Nan sektè edikasyon an, UJRG toujou ankouraje fòmasyon ak sansibilizasyon pou ede jèn yo jwenn plis opòtinite pou yo reyisi, epi mete lekòl gratis pour bay timoun yo moso pen de lenstriksyon. Nan agrikilti, òganizasyon an apiye pwodiktè yo epi ankouraje pratik ki kapab ranfòse pwodiksyon lokal ak sekirite alimantè ak toujou distribye materyèl pou peyizan yo travay.
Pou make 30yèm anivèsè sa a, UJRG voye yon mesaj rekonesans bay tout manm li yo, ansyen manm yo, patnè li yo ak tout zanmi òganizasyon an ki te toujou kanpe bò kote li pandan tout ane sa yo.
Avèk deviz li “Ansanm – Aji – Bati” epi slogan “Ann travay pou yon avni miyò”, UJRG renouvle angajman li pou kontinye sèvi kominote a, ankadre jèn yo epi patisipe aktivman nan devlopman Ginode ak tout zòn kote li entèvni.
Bòn fèt pou Inyon Jèn pou Relèvman Ginode (UJRG)! Se pou 30 lane sa yo vin tounen yon nouvo pwen depa pou plis reyalizasyon ak plis enpak nan lavi popilasyon an.






