AKSIDAN SIKILASYON: YON KAMYON KI T AP SOTI PÒTOPRENS POU ALE SENLWI DINÒ CHAVIRE

223
0
Share:
TRiboLAND

10/22/2026

Chansòlm, Ayiti _____(TRiboLAND), Yon kamyon ki t ap soti Pòtoprens pou ale Senlwi Dinò chavire jodi jedi 22 oktòb la, vè 12 è 54 nan aprèmidi, nan lokalite Sou Basen, sou Chansòlm, nan zòn ki ant Wozye ak Andwo. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, kamyon an t ap transpòte poul glase ak lòt pwodwi konjele. De moun te abò machin nan, sa vle di chofè a ak yon kontwolè.

Erezman, daprè premye enfòmasyon yo, pa gen okenn viktim ki rapòte nan aksidan sa a. Sepandan, jiska moman enfòmasyon sa yo ap pibliye a, okenn otorite poko rive sou plas pou evalye sitiyasyon an epi pran mezi ki nesesè yo.

Aksidan sa a mete aksan sou difikilte chofè yo ap rankontre sou wout la, sitou akoz move eta wout la ki rann sikilasyon an trè difisil nan zòn nan. Nan sans sa a, divès sitwayen lanse yon apèl bay chofè kamyon, motosiklèt ak tout lòt moun k ap itilize wout sa a pou yo pran anpil prekosyon lè y ap travèse lokalite Sou Basen an, pou evite lòt aksidan ki ta ka lakòz dega materyèl oswa pèt lavi moun epi mande otorite yo entèvni pi vit ke posib.

Share:

Leave a reply