Bukele menase mete bonjan bòy nan pwa gang ayisyen yo si yo pa ta libere 4 teknisyen militè salvadoryen yo

177
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Pwezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele egzije liberasyon 4 teknisyen militè salvadoryen ki disparèt jounen 18 oktòb 2026 la nan Santo, nan Kwadèboukè. Konsa, bonèt Bukele ta sanble vire lanvè fas ak yon parèy sitiyasyon kidnapping ki ta mete Fòs Represyon Gang lan ak tout otorite ayisyèn yo nan rakonte.

Lidè salvadoryen an menase pou pase yon vitès siperyè ki pou ta mete bòy nan pwa gang yo, si tout fwa yo pa ta libere teknisyen militè salvadoryen yo. Kidonk, nan yon mesaj li pibliye an kreyòl sou kont X li jodi mèkredi a, presidan salvadoryen an, Nayib Bukele fè li klè pou gang yo ke 4 sitwayen sila yo ki kidnape a, pa gason batayè; yo se pito teknisyen ki espesyalize nan avyasyon nan kad yon misyon entènasyonal nan peyi Dayiti., ki plis genyen pou wè avèk pote sekou medikal ou transpòte militè blese.

Bukele konfime ke operasyon ki deklenntche yo genyen anpil pou wè avèk rekipere 4 konpatryòt san yon grenn cheve yo pa rete dèyè. Konsa, sa nou wè la, poko anyen devan sa ki genyen pou deklentche, si tout fwa nou pa libere teknisyen yo san pèdi tan.

Toutfwa, operasyon yo ta sanble ke yo pa piti nan Kwadèboukè, kote ke zam pa pakèt ak latriye pa sispann chante pou retrouve pa nenpòt fason 4 teknisyon salvadoryen yo; yon sitiyasyon ke mete anpil malere nan koure ak chape poul nan Santo, kote ke bwa a reyèlman mare!

Share:

Leave a reply