Johnny ensikoni mòtèlman blese nan kad boukantaj kout zam ak ajan UDMO yo nan lokalite Haut Fourneau”.

1,011

09-24-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la fwape yon lòt fwa ankò, jounen dimanch 24 septanm 2023 a, yon chèf gang ki tap fè lapli ak bontan.


Johnny ensikoni, ki tap opere sou non “Ti Johnny”, e “Gwo Lestomak”, kraze yon kitesa, apre ajan UDMO yo nan Site Kapwa Lamò a, te fin blese li mòtèlman nan lokalite “Haut Fourneau”, 3 seksyon Polen/ Lakòn, vè lè 11 zè maten an nan kad boukantaj kout zam ak ajan UDMO yo.

Dapwè enfòmasyon sal nouvèl redaksyon TRiboLAND rive rekeyi bò kote otorite polisyè yo, yo ta konfime ke, Johnny alyas Ti Johnny, ta 2èm chèf gang Mòn Eveche, ki tap opere nan plizyè lokalite nan vil Pòdpè.

N ap reple ou, depi prezans nouvo direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, msye Clevens Cetoute, lapolis nan Site Kapwa Lamò a, pa janm chome sino ke mete dòmi nan je bandi sangwen yo nan depatman Nòdwès.

Comments are closed.