Nayib Bukele genyen pou antre Wachennton nan kad ranfòseman alyans li avèk Trump

651
0
Share:
TRiboLAND

Wachennton, Etazini_____(TRiboLAND) Prezidan Etazini, Donald Trump, pral resevwa prezidan El Salvador, Nayib Bukele, nan Mezon Blanch lendi sila, yon rankont ki pral mete an evidans wòl lidè Amerik Santral la kòm youn nan alye kle Wachennton nan batay kont imigrasyon ilegal la.

Bukele te dakò pou l aksepte migran ki te depòte soti nan peyi Etazini yo, epi mete plis pase 250 ladan yo nan yon prizon salvadoryen ki pa manje anyen ki frèt.

Majorite prozonye sila yo se venezilyen ke administrasyon Trump lan akize yo kòm group ki fè pati gang Tren de Aragua, menm si òganizasyon kap defann dwa moun yo denonse sa yo rele “disparisyon fòse ak detansyon abitrè.” Pami fanmi kèk nan migran yo, gen moun ki di ke yo pa manm gang.

Politològ Napoleon Campos fè konnen ke reyinyon ant Bukele ak Trump kapab senplifye inikman a yon “kesyon apwòch sekirite djanm.” Konsa, gen lòt sijè ki kapab diskite, tankou envestisman ak komès; men an gro tout chita tande yo ap kapote sou kesyon prizon.

Trump te poste sou platfòm Truth Social li samdi 12 avril 2025 lan ke Etazini ak El Salvador “ap travay ansanm pou elimine òganizasyon teworis nan objektif pou bati yon avni pwospè ou rich.

Share:

Leave a reply