Nan kad pou eradike gang sangwen yo, peyi Gwatemala deside voye 150 sòlda batayè nan peyi Dayiti

442
6
Share:
TRiboLAND

09 – 24 – 2024

Nouyòk, Etazini_____(TRiboLAND) Nan objektif pou epole mouvman pote kole pou derasine gang sangwen kap fè lapli e botan nan peyi Dayiti, prezidan peyi Gwatemala a, Bernado Arévalo anonse nan New York arive 150 ofisye militè anndan peyi Dayiti.

Arévalo fè deklarasyon sila nan moman li tap pran lapawoli nan yon sesyon Konsèy ekonomik ak sosyàl nan Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo nan Nouyòk. Deplwotonay yon parèy fòs antre nan kad ranfòseman ak bay Misyon Miltinasyonal la jarèt ak sekirite (MMSS), yon fason pou remete peyi a nan trankilite ak lapè.

Selon Bernado Arévalo, kriz plizyè tèt peyi Dayiti a depase plis ke ijans. Konsa, li pa ezite bay angajman li anfavè tout inisyativ ki vize pou retabli lapè ak sekirite ak pwosterite nan peyi Dayiti.

Share:

6 comments

  1. Ducasse Christopher 25 September, 2024 at 14:47 Reply

    Mw ta swete solda sa yo pa vini menm Jan ak Kenya yo peyi a pa gen kob Pou Nou Viv Nou paka ap peye lot nasyon epi Nou pa menm ka jwenn solisyon

    Triboland latoti fonkiyèz

  2. Jeff BERNARD 25 September, 2024 at 22:10 Reply

    Selon Bernado Arévalo, kriz plizyè tèt peyi Dayiti a depase plis ke ijans. Konsa, li pa ezite bay angajman li anfavè tout inisyativ ki vize pou retabli lapè ak sekirite ak pwosterite nan peyi Dayiti.

Leave a reply