Anseyan yo k’ap travay nan lekòl piblik yo nan Tigwav, tanmen yon modòd grèv pou mande ministè edikasyon peye yo 2 mwa salè yo dwe yo.

46
0
Share:
TRiboLAND

10 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Anseyan k’ap travay nan lekòl piblik yo nan Tigwav, tanmen yon modòd grèv, madi 20 oktòb 2026 lan. Selon anseyan yo, objektif grèv sila a, se pou mande minis edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl la, Déméro Vijonet pou peye yo 2 mwa salè yo epi fasilite yo jwen 14èm nan ak prim yo.

Edikatè yo ki presize y’ap toujou prezan nan sal klas yo, men sepandan yo p’ap kenbe yon bout krè pou travay ak elèv yo toutan minis edikasyon an pa repon’n ak ansanm revandikasyon yo. Anseyan yo ki deklare ministè a dwe 2 mwa: dawout ak oktòb epi pèmèt yo jwen 14èm nan ak prim yo. Yo fè konnen ti lòsyè a ministè a bayo a, li deja pa kapab ede pran swen tèt yo ak fanmi yo mete sousa, yo pa jam peye yo atan epi avantaj ki revyen yo dedwa, yo pa benefisye yo.

Yon lòt bò, anseyan kap travay nan lekòl piblik yo nan Tigwav, denonse desizyon yo di leta Ayisyen pran pou retire 15% nan salè yo ki deja pa kapab ede yo ak bezwen fanmi yo. Yo mande pou leta retounen sou desizyon kriminèl sa a, yo pran pou retire 15% nan salè tibèkiloz yo bay la ki deja pa reprezante absoliman nad marinad.

Share:

Leave a reply