Toujou nan kad pou eradike sanktyè gang yo nan peyi Dayiti : fòs salvadoryèn yo resevwa yon bon lo materyèl militè

55
0
Share:
TRiboLAND

11/22/2026

Jimani, RD_____(TRiboLAND) Nan Fò “El Rodeo” nan Jimani Repiblik dominikèn, responsab yo nan rejyon sila fasilite pasaj jounen samdi 21 novanm 2026 la, yon kagezon lo materyèl militè ki destine pou fòs salvadoryèn yo kap opere anndan peyi Dayiti.

Materyèl militè sila yo ki konpoze de twa elikoptè batayè ak yon latriye blende, tradwi detèminasyon ou volonte pwezidan Salvadò a, Nayib Bukele alyas “Sovèlele” pou ale jiskobo ak eradikasyon gang kap grangrene peyi Dayiti depi dig dantan. Zouti sila yo pral ranfòse misyon operasyonèl fòs la, ki pa sispann mete bonjan zenzenn nan men bandi sangwen yo, ki nan moman an ap kouri tankou chyen fou.

Nap raple, ekipman sila yo pral ranfòse egalman sekiritè nan yon seri zòn ke fòs lòd yo deja rekipere; yon sitiyasyon ki pral anpeche gang yo refè aparisyon nan objektif pou fè reprezaj sou popilasyon yo nan rejyon ki rekipere yo.

Share:

Leave a reply