Pòdpe: Lamèri komemore 220 anivèsè lanmò Kapwa Lamò nan vil Pòdpe, yon elèv poze kesyon sou disparisyon tèt estati a

288
0
Share:
TRiboLAND

10/19/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpè komemore, jodi lendi 19 oktòb 2026 la, 220e anivèsè batay Kapwa Lamò a. Nan okazyon sa a, administrasyon minisipal la, atravè yon arete, deklare jounen an konje. Nan medyatèk la, Mèri a òganize yon konferans ki reyini plizyè otorite, pami yo delege depatmantal Nòdwès la, Arnel Auguste; Vis-Delege awondisman Pòdpè a, Romny Pierre; komisè gouvènman bò kote pakè tribinal Pòdpè a, Jeir Pierre; prezidan Chanm Komès Nòdwès la, Jordan Herard Verdul, ansanm ak elèv ak reprezantan plizyè lekòl nan vil la.

Konferans lan, ki dewoule sou lobedyans Francisque Ricot Jean Charles, bay yon okazyon pou fè yon rapèl istorik sou lanmò Jean-Jacques Dessalines, Papa nasyon ayisyèn nan, ansanm ak batay Kapwa Lamò a, yon senbòl kouraj ak bravou nan listwa peyi a. Aprè konferans lan, otorite minisipal yo ak lòt patisipan yo, akonpaye ak yon fanfa, ale sou plas Kapwa Lamò a pou depoze yon jèb flè. Daprè majistra Ralph Moreau, malgre aktivite a te pran ta pou òganize, li reyisi nan objektif li, ki se sansibilize popilasyon an sou enpòtans dat istorik sa a. Li swete dat sa rete grave nan memwa tout Ayisyen epi, yon jou, rive gen yon pi gwo enpak sou tout peyi a.

Pandan plizyè moun bat bravo pou inisyativ sa a, yon elèv nan Kolèj Saint François de Salle la atire atansyon patisipan yo lè li poze konferansye a yon kesyon ki leve enterè: Poukisa yo retire tèt estati Kapwa Lamò a sou plas la? Kesyon sa a relanse deba sou fason vil la konsève ak valorize patrimwàn istorik li. Nan yon moman kote otorite minisipal yo ap chèche mete aksan sou memwa Kapwa Lamò, kesyon elèv la soulve nesesite pou bay popilasyon an plis eksplikasyon sou sò estati a ak mezi ki prevwa pou prezève eritaj istorik sa a.

Antouka, TRiboLAND rete kwè se yon ansyen responsab idyo Lameri ki te akapare tèt ou (bust) Kapwa Lamò a e mete li lakay li anba 2 je nawè popilasyon an ak otorite lokal; si Leta te serye ou te genyen moun kap fè peyi nan respekte patrimwàn ak valè idantite nou kòm pèp, yon salmanaza konsa pat kapab rive fèt menm nan dòmi. Jounen jodi, yon parèy swadizan anplwaye Lameri te dwe ap jemi dèyè bawo kalabous.

Nou vle fè sa klè pou tout moun konpwann, ansyen katèl minisipal ki te genyen Josué Alusma nan tèt li pa genyen anyen pou wè avèk disparisyon tèt Kapwa Lamò a.

Share:

Leave a reply