Yon nouvo bwigad medikal kiben debake nan lopital COHASA, vil Pòdpe, nan objektif pou pote sipò grese sere medikal

07/29/2026
Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou pote sipò bay kominote medikal la nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, yon nouvèl vèsyon bwigad medikal ayisyano-kibèn, debake nan vil Pòdpè, patikilyèman nan Sant Medikal Cooperative Haitienne de Santé (COHASA), lokalite Lakoup.
Gwoup espesyalis kiben sila yo ki pwesizeman espesyalize nan plizyè domèn, te jwen yon bèl akèy bò kote prezidan Konsèy Administrasyon COHASA, Dr. Gunes St- Phar. Nan entwodiksyon li, li esplike objektif bwigad medikal sila ki pote yon latriye sèvis medikal, kote ke depatman Nòdwès tap soufwi anpil pou yo lontan; e an majorite, se jous Pòtopwens pou yo al boske yo.
Espesyalis kiben yo vini avèk yon seri eksperyans ki pral fasilite priz anchaj yo tankou: dèmatolojis, pedyat, fizyoterapis, enjenyè bio-medikal, sonografè, ak biolojis. Antouka, sèvis medikal ki te egzije sitwayen nòdwès yo bwave danje nan pran machin pou antre nan kapital, COHASA pote sèvis sila yo nan sen mèt senkant nou.
Bwigad kiben an, konte rete pa plis ke 3 lane; sepandan gen dwa genyen posiblite pou yo rete pou plis tan, selon otorite sante yo nan peyi Dayiti.






