Pou pi piti Mèri Pòdpè a, mete sou pye 3 pòs peyaj kap gen pou ranmase lajan sou non Mèri a.

956

Machin ak motosiklèt k’ap frekante twonson wout Pòdpè/Sen-Lwidinò ak anndan vil Pòdpè, pral genyen pou peye la Mèri yon taks, se nouvèl rezolisyon ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma.

09-20-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rezolisyon #1 ki pote non, Mèri Pòdpè, responsab yo enfòme popilasyon an, e tout chofè machin ak motosiklèt ki souvan itilize twonson wout ki sòti Pòdpè pou al bout Sen-Lwidinò a, ke yo ouvè ofisyèlman, plizyè pòs peyaj ap gen pou rantre kòb sou non Mèri a.

Yon pòs peyaj ki pral estsyone nan lokalite Karenaj, ak 2 lòt ki pral lokalize yo anndan vil la Pòdpè,
konfòmeman ak sa yo te konkli nan Arete kominal 8 novanm 2018 la.

Sepandan, nou remake plizyè sinyati ki parafe rezolisyon sila tankou : sinyati jij titilè tribinal Depè Pòdpè a, responsab sikilasyon PNH/NO, responsab sendika yo ak prezidan ajan egzekitif enterimè Mèri Pòdpè a, Josué Alusma.

Ankò se yon lòt filyè lajan otorite ki pa kapab razè yo ap deniche, lè chwazi nan nenpòt kondisyon pou apovwi pi plis toujou popilasyon ki deja ap naje nan mizè a. Nan moman n’ap pale a, pa ko janm genyen okenn detay ke responsab Mèri yo arive founi konsènan, ki sa lajan sa yo pral genyen pou yo regle?

Comments are closed.