Lordeus Steevenson alyas “Ipo” tonbe an bal yon group nèg nan zòn Grigri, Pòdpè

1,003

01-21-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLANd) Jodi samdi 21 janvye 2023, Lordeus Steevenson alyas “Ipo” 28 lane, tonbe an bal yon group nèg ame nan zòn Grigri, Pòdpè vè 2è nan aprè midi a.

Daprè enfo yo, Ipo te nan yon Otèl li tap bwè nan zòn lan, pandan li ap soti nèg ak zam fizye li, epi retire li e mache pòs yo, kè kal ou san enkyetid.

Ipo resevwa plizyè pwojektil, nan tèt, kwis ak nan do. Jij Dumargène te prezan pou konsta legal yo, avan menm fanmiy li jwenn otorizasyon pou leve kò san vi a.

Ipo se yon ansyen bandi ki ta enplike nan plizyè zak malonèt ak asasinay deja. Se yon ansyen prizonye nan prizon sivil Pòdpè a, akoz plizyè krim ke li te komèt sou zile Latòti.

Comments are closed.