Dèlma 33 : Apre dezan nan kan deplasman, viktim ensekirite yo pran lari pou reklame dwa yo pou retounen lakay yo

44
0
Share:
TRiboLAND

10/19/2026

Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè de (2) lane ap viv nan kan deplasman anba move kondisyon, plizyè moun ki te oblije kite kay yo pou chape anba vyolans ak ensekirite nan peyi Dayiti pran lari jodi lendi 19 oktòb 2026 la, nan Delmas 33, touprè lokal Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC). Manifestasyon sa a se yon fason pou viktim yo fè tande vwa yo epi atire atansyon otorite yo sou sitiyasyon difisil y ap travèse depi yo pèdi aksè ak lakay yo.

Pandan mobilizasyon an, manifestan yo reklame dwa fondamantal yo genyen pou yo retounen lakay yo nan sekirite ak diyite. Aprè de lane ap viv nan kondisyon ki pa fasil, deplase yo ap fè fas ak anpil difikilte, pandan ensètitid kontinye anvayi lavi yo. Pou yo menm, li pa akseptab pou yo kontinye pase tan sa a lwen lakay yo san yon solisyon konkrè ki kapab pèmèt yo rekòmanse viv nòmalman.

Nan okazyon sa a, manifestan yo lanse yon apèl ijan bay otorite konsène yo pou yo pran mezi ki nesesè pou mete fen nan soufrans yo, retabli sekirite nan zòn kote yo soti yo epi kreye kondisyon pou yo retounen lakay yo san danje. Yo mande yon solisyon dirab ki kapab pèmèt yo reprann lavi yo, jwenn estabilite epi viv nan diyite. Sitiyasyon deplase sa yo rete yon gwo defi pou otorite yo, pandan plizyè fanmi kontinye ap tann yon repons konkrè devan kriz ensekirite a.

Share:

Leave a reply