Yon gwoup anplwaye k’ap travay nan konpayi Bus dinyite Tigwav, mete annotaj yon bus akoz yo di ke konpayi a dwe yo 48 mwa travay.

10 – 14 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup anplwaye k’ap travay nan konpayi bus dinyite Tigwav, nan yon konferans pou laprès yè lendi 12 oktòb 2026 lan, devan gran komisarya nan site Soukwaz la, reklame 48 mwa travay yo di direktè konpayi a Didier Benel dwe yo.
Ansanm anplwaye yo ki di yo pran youn nan bus konpayi a annotaj, se nan kad pou reklame 48 mwa lajan travay yo epi mande entegrasyon yo nan sèvis la. Anplwaye ki mekontan kon kong morèl, konfime se paske yo dwe yo epi se wè yo wè sèvis la ap mache ak yon seri nouvèl tèt san yo pa di yo anyen. Yo denonse fason sèvis transpò a ap delivre. Yo fè konnen konpayi a te genyen 4 machin kap bay sèvis; kap pran elèv lekòl nan plizyè seksyon kominal san konte sant vil la. Alèkile, se yon sèl bus k’ap fonksyone, alòske genyen yon volim elèv ki nan nesesite pou sèvis la.
Gwoup anplwaye sa yo ki esplike, yo pran bus la annotaj, se pou reklame 48 mwa travay yo di leta ayisyen atravè direktè konpayi bus dinyite a Didier Benel dwe yo epi entegre yo nan sèvis la prese prese.






