Gwo senaryo kontinye ap monte nan pakè Pòtoprens.

1,109

Vòlò pèsòn moun pa rive idantifye pote ale divès kò Deli ak kèk dosye enpòtan, nan lannwit 24 pou leve 25 me 2023 a.

05-26-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye pote ale divès dosye enpòtan ak plizyè kò Deli aprè yo te fin kase Pakè Pòtopwens lan, nan lannwit 24 pou leve 25 me 2023.

Kodonatris sektè Dwa moun nan, Marie Yolène Gilles, ki tap pale fè konnen, dapwè sa yon pèsonèl pakè a dil, endividi yo te itilize tèt batiman pakè a, nan yon espas ki kouvri ak tòl, jiskaske yo rive penetre zòn sansib ki sere kò Deli yo ak divès lòt dosye enpòtan.

Poze kesyon pou konnen, kiyès ki aktè fim sa a? Ki kote sekirite pakè yo te ye, nan moman montaj fim nan? Ki dosye ki disparèt ? Marie Yolène Gilles ki tap pale fè konnen, sekirite yo pa dòmi nan espas pakè a, malgre yap touche kòb pèp la.

Antouka li enpòtan pou konnen, se pa premye fwa gwo fim sa yo ap monte nan lakou pakè Pòtoprens lan, dènye fim kite monte se nan kad dosye ansyen prezidan Jovenel Moïse la. pou anpil moun, se sèl Bwa Kale ki kapab mete fwen nan yon parèy krim.

Comments are closed.