Yon seremoni òganize nan komin Tigwav pou sakre 10 moun nan fanmiy vodou a.

78
0
Share:
TRiboLAND

07 – 10 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ougan Elisèe Vernélus ke moun konnen sou non, Mèt Zèklè, òganize yon seremoni vodou jounen mèkredi 08 jiyè 2026 lan nan lokalite Chanban’n, 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, nan objektif pou sakre 10 reklame, fi ak gason nan fanmi vodou a.

Nan moman rityèl yo, ougan Elisèe Vernélus te konfime ke yon parèy inityativ, pa sèlman yon bagay kap pase, men sa konstitye yon pak espirityèl pwofon ak lwa zansèt nou yo ak fòs sakre tradisyon yo. Vodou a make angajman lavi a, lafwa, respè, disiplin, sèvis ak retransmisyon ansèyman nan domèn mistik.

Yon lòt kote, ougan Elisèe Vernélus, Mèt Zèklè fè konnen vodouyizan yo vini otomatikman depositè yon eritaj espirityèl vivan. Nouvo sakre yo dwe angaje yo pou onore mistè vodou a epi prezève tradisyon sakre ak mache nan dinyite, kouraj ak responsabilite sou prensip zansèt nou te trase pou kenbe vodou a djanm.

Share:

Leave a reply