Plizyè dizèn manm nan òganizasyon ACCIDEL, akonpaye lidè yo nan sant enstriksyon nan lokalite Chalmay nan Tigwav.

89
0
Share:
TRiboLAND

09 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Paul Charles Flerimé, Ricot Saint Jean ak mèt Pierre Augustin, se non 3 lidè nan òganizasyon Action Citoyenne pour Développement Local (ACCIDEL) enskri jounen vandredi 25 septanm 2026 lan, nan sant denstriksyon elektè yo an ba 12èm seksyon Dèfouk kominal Tigwav, lokalite Chalmay.

Yon parèy pote boure, tradwi detèminasyon yon gwoup elektè pou al ranpli devwa sivik yo nan pwochèn eleksyon ki fikse nan dat 13 desanm 2026 kap vini la a.
Nan okazyon an, te genyen plizyè dizèn manm nan òganizasyon an ki te akonpanye lidè yo ak ban’n rara k’ap mete plezi nan moman enskripsyon an. Nan moman anbyans lan, lidè yo te pwofite okazyon an pou ankouraje manm enskri kòm elektè pou yo al vote moun ki reprezante yo nenpòt lè k’ap genyen eleksyon nan peyi a.

Toufwa, lidè yo fè konnen se yon siyal yo bay lòt òganizasyon yo ak manm popilasyon an nan komin nan pou vin enskri kòm elektè pou yo pa domi deyò si toutfwa pouvwa Alix Didier Fils Aime ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap reyalize eleksyon onèt, kredib ak demokratik nan sosyete ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply