Estaf Valorize Valè yo, klotire 2 jounen fòmasyon li nan prizon sivil Pòdpè a, e remèt chak patisipan yon sètifika.

1,058

07-09-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se jounen dimanch 9 jiyè a, estaf Valorize Valè yo ki genyen nan tèt li K-navao Valmond, nan tèt kole ak yon estaf solid, klotire 2 jounen fòmasyon gratis, sou fabrikasyon pwodui chimik, nan prizon sivil Pòdpè a, epi remèt chak patisipan yo yon sètifika.

Aprè plizyè seyans atelye travay pratik ak prizonye yo, jounen dimanch 9 jiyè 2023 a, entèvenan yo ta pral delivre bay chak prizonye yo, yon sètifika patisipasyon, kòm yon siyn reyisit nan ti bout tan yo pase nan prizon sivil Pòdpè a.

Nan menm moman an, estaf Valorize Valè yo ta pral bay responsab prizon yo yon kamyon dlo, nan lide pou goumen kont maladi dyare a, kap sakaje prizonye yo depi sèmen pase a.

Pwomèt yap tounen nan prizon an, nan mwa kap vini la a, estaf Valorize Valè yo anonse, yo pral mete sou pye yon estrikti nan lide pou goumen kont vye dlo prizonye yo ap konsome.

Comments are closed.