Tigwav : Inivèsitè UNASMOH òganize yon seremoni priz dekwaf pou plis pase anviwon 40 etidyan nan syans enfimyè ak laboratwa medikal.

444
0
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Responsab Inivèsite “UNASMOH” la nan Tigwav, Guilhomme Hudovic, òganize yon seremoni priz dekwaf e abiyman pou anviwon 40 etidyan nan syans enfimyè ak laboratwa medikal ki batize “Florence Nightingale” nan Louco Club Tigwav jounen lendi 29 jiyè 2924 la. Yon gro aktivite ki dewoule an prezans paran, fanmi ak zanmi etidyan yo.

Nan okazyon an, responsab lnivèsite “UNASMOH” branch lokal Tigwav la, Guilhomme Hudovic, nan diskou li nan sikontans lan, deklare pou vini yon enfimyè ou enfimye, se yon vokasyon. Administratè a ankouraje etidyan yo, pou yo pran “Florence Nightingale” kòm modèl yo. Li mande yo pou yo sansib, yo pa dwe wè lajan avan sante popilasyon an.

Mesye Guilhomme ki fè nouvo kwafe yo konnen, yo aprann metye sila a, se pou ede moun ki san vwa yo ke lòt moun bliye. Enfimyè yo dwe pran swen menm moun ki ènmi yo, menm jan ak Samariten an ki te ede yon ènme li.

Toutfwa, alatèt Inivèsite “UNASMOH” branch Tigwav la, Guilhomme Hudovic mande enfimyè e enfimye yo pou ekzèse metye a avèk pwofesonalism, avèk kè, sanbilite ak lanmou. Li raple yo, lwa ayisyèn nan pini travayè swen sante ki pa vle ede yon malad.

Share:

Leave a reply