Bandi sanfwa ni lwa kòche anviwon yon 15 zènn bèf pou elvè nan Vyalè,1è seksyon kominal Tigwav.

280
0
Share:
TRiboLAND

03-16-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 1è seksyon kominal Tigwav la, Uguenord Délicieux nan yon entèvyou ak la près jounen jedi 16 mas 2023 a, deklare vòlè malfèktè kòche anviwon yon kenzènn bèf pou peyizan yo nan katye Vyalè, nan lannwit mèkredi 15 pou louvri jedi 16 mas 2023 a.

Selon kazèk Uguenord Délicieux, malfwa yo koupe tèt bèf peyizan yo, koupe pye yo e rale mete atè tout sa ki anndan betay yo. Konsa, yon pran kò bèf

Nimewo 1 seksyon an, esplike ke peyizan yo pran yon gwo kou lè li konsidere kòd bèf yo, se sèl resous peyizan yo, ki pa genyen ni rele ni repon’n. Daprè kazèk la, aksyon sa a, poze nan yon moman trè difisil pou abitan elvè yo, kote ke lapli ki pa jam tonbe pou peyizan yo fè kanpay plantasyon yo. Se yon sitiyasyon dramatik ki riske kale plis mizè ak faminn nan mitan popilasyon an.

Toutfwa, eli 1è seksyon kominal Tigwav Uguenord Délicieux ki fè konnen, li genyen gwo tèt chaje devan zak bandi yo, li lanse apèl bay lapolis nan sou komisarya Vyalè a, pou kenbe yon patwouj anpèmanans yon fason pou rive frennen zak bandi vòlè yo.

Nap fè remake, se nan do sou komisarya Vyalè a, vòlè malfwa yo pase pou al komèt zak la sou zannimo yo; e se nan menm blòk la yo retounen pase ak chanjman vyann nan san anyen pa rive yo.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply